Theo Jean, CPAJTJ Accounting & Tax Services, LLC
English · Kreyòl · Français

Rezolisyon pwoblèm taks · Irvington, NJ

Ou resevwa yon lèt nan men IRS? Pale ak yon CPA anvan ou reponn.

Mwen ede moun ak mèt ti biznis regle pwoblèm ak lèt IRS ak Eta a, taks yo dwe, deklarasyon taks ki pa t fèt, ak plan pèman. M ap eksplike w klèman kote w kanpe ak ki opsyon ou genyen, nan yon langaj senp.

Nou pale Kreyòl. We speak English. Nous parlons français.

Gade nan kwen anwo adwat lèt ou a. Si w wè youn nan nimewo sa yo, rele anvan dat limit ki sou lèt la.

CP14 Balans ou dwe CP501 / CP503 Rapèl pou peye CP504 Entansyon pou sezi LT11 / Letter 1058 Dènye avi anvan sezi CP2000 Chanjman yo pwopoze sou deklarasyon w CP59 Deklarasyon pa t depoze

Pwoblèm taks ak IRS ak Eta a

Pwoblèm mwen ede moun regle

  • Lèt IRS ak Eta a

    Konprann sa lèt la vle di, si li kòrèk, ak kijan pou w reponn alè.

  • Taks ou dwe

    Revize konbyen ou dwe ak ki opsyon ki genyen pou w peye l.

  • Deklarasyon taks ki pa t fèt

    Ranpli ane ki manke yo, menm si ou pa gen tout papye w.

  • Plan pèman

    Mete kanpe yon akò pou peye an vèsman ak IRS oswa ak Eta a.

  • Lyen, sezi, ak retni sou salè

    Reponn lè gen aksyon pou kolekte lajan sou kont labank ou, salè w, oswa byen w.

  • Anilasyon penalite

    Mande pou yo retire penalite yo lè ou kalifye.

Sa k ap pase lè w rele

Twa etap

  1. Nou revize sitiyasyon w

    Di m sa k te pase epi voye lèt la si w genyen l. Ou pa bezwen gen tout bagay an lòd davans.

  2. M eksplike w opsyon ou yo

    W ap konnen sak an fas ou, sa chak opsyon mande, ak konbyen sa ap koute anvan w deside.

  3. M reprezante w devan IRS

    Avèk otorizasyon w, mwen ka pale ak IRS pou ou, ranpli sa ki manke, epi swiv dosye a.

Sèvis

Pwoblèm taks ak lòt bagay

Lèt IRS pa disparèt poukont yo. Ann regle pa w la, epi asire w sa pa rive ankò.

Rezolisyon Taks

Lèt, taks ou dwe, deklarasyon ki pa t fèt, plan pèman, lyen ak sezi, ak anilasyon penalite.

Chak lèt IRS gen yon dat limit. Plis ou tann, mwens opsyon ou genyen.

Planifikasyon Taks

Planifikasyon pandan tout ane a pou w pa gen sipriz an avril.

  • Estrikti biznis ak pewòl
  • Taks estime chak trimès

Mèt biznis ki pa planifye taks yo ap planifye pou yo peye taks ki pa nesesè.

Preparasyon Taks

Deklarasyon pou moun ak pou biznis, ansanm ak deklarasyon ane pase ki pa t janm fèt.

Anpil pwoblèm ak IRS kòmanse ak yon deklarasyon ki te an reta, ki manke, oswa ki pa t kòrèk.

Fractional CFO

Lidèchip finansye estratejik san ou pa bezwen peye yon CFO Full Time. Mwen ede mèt biznis konprann rantabilite yo, jere lajan k ap antre ak soti, swiv pèfòmans finansye yo, epi pran bon desizyon.

Ou pa ka ranje sa ou wè yon sèl fwa pa ane.

Konsènan mwen

Theo Jean, CPA

Mwen se yon Kontab Piblik Sètifye (CPA) e mwen se pwopriyetè JTJ Accounting & Tax Services, LLC nan Irvington, New Jersey. Mwen travay ak moun ak mèt ti biznis atravè Nòdès la, sitou nan kominote ayisyen an ak lòt kominote imigran.

Anpil nan kliyan m yo vin jwenn mwen apre plizyè mwa ap evite yon lèt yo pa t konprann. Travay mwen se ede w konprann opsyon ou yo san laperèz, san presyon, san jijman, nan lang ou pi alèz ladan l lan.

Kòm CPA, mwen gen otorizasyon pou reprezante kliyan devan IRS, kidonk mwen ka okipe zafè ou dirèkteman ak IRS pou ou.

Lisans
Kontab Piblik Sètifye (CPA), ki gen lisans nan Maryland
Biwo
Irvington, New Jersey
Zòn nou sèvi
New Jersey, New York, Connecticut, Pennsylvania, Massachusetts
Randevou
An pèsòn nan Irvington, oswa adistans pa telefòn ak videyo
Lang
Kreyòl ayisyen, angle, franse

Kesyon

Kesyon moun poze souvan

Sa fè plizyè ane m pa fè taks mwen. Èske li twò ta?

Non. Depoze an reta prèske toujou pi bon pase pa depoze ditou. N ap chèche konnen ki ane ki bezwen fèt epi rasanble papye w yo, menm si gen kèk ki manke.

Èske w ka fè IRS sispann kolekte?

Souvan, yo ka mete aksyon kolèksyon an an poz oswa regle l avèk yon plan pèman oswa yon lòt aranjman, selon sitiyasyon w. M ap di w onètman sa ki posib apre m fin gade dosye w.

Èske m ka jwenn yon plan pèman?

Anpil moun kalifye pou yon akò pou peye an vèsman. N ap gade konbyen ou dwe ak konbyen ou ka peye, epi mete kanpe plan ki bon pou ou.

Èske m bezwen vin nan biwo a?

Non. Ou ka vin nan biwo Irvington lan oswa travay avè m adistans pa telefòn ak videyo, kèlkeswa kote w ye nan eta mwen sèvi yo.

Èske m ka pale Kreyòl oswa Franse avè w?

Wi. Ou ka eksplike sitiyasyon w nan lang ou pi alèz ladan l lan.

Kontak

Di m an brèf sa k te pase. Ou pa bezwen konnen solisyon an deja.

Rele oswa voye tèks973-317-8698
Imèl
BiwoIrvington, NJ · An pèsòn oswa adistans

Tanpri pa voye dokiman taks oswa nimewo Sekirite Sosyal pa imèl. Apre nou fin pale, m ap voye w yon fason ki an sekirite pou w pataje dosye w.